Home Politique Kominike Kan Alovi Dangballayidan

Kominike Kan Alovi Dangballayidan

Vandredi 27 sektanm 2019

Nòt pou laprès ak sosyete a

Ayibobo pou laprès, pale, ekri, televise ak an liy.

Ayibobo pou tout Eritye, Alovi, Vodou Vi ak Vodouyizan ki toujou ekziste malgre tou.

Ayibobo pou tout ayisyen konsekan anndan peyi a k’ap koukouman anba grangou Lamizè.

Ayibobo pou tout Ayisyen konsekan k’ap viv anba imilyasyon nan peyi letranje pou pèmèt moun lakay kontinye ekziste.

Kan Alovi Dangballayidan (KAD) tankou tout lòt enstitisyon ki gen karaktè ak diyite pa vle fè li konplis nan sitiyasyon peyi a lajounen jodi. Sevre VODOU toujou sèvi chwal papa apre tout konba li fin fè pou bannou nanchon sa a, ògèy te ka fè nou gade silans. Men sitiyasyon fè aksyon, nou se gadyen nasyon an, mal kou sa ye. Bato a ap koule, nou menm tou n’ap koule. Se pou sa nou di kounye a menm :

KANPE EMORAJI A PREZIDAN!
Lè nou konsidere ak ou mesye Prezidan Jovenel Moise, LAPREZIDANS vin desakralize, Banditis vin yon bagay deta, Vòl se yon gras, Manti vin yon don sakre. Menm jan ak popilasyon an ki nan kat kwen peyi a ak diaspora a, n’ap mandew misye Prezidan: fè yon jès k’ap pèmèt ou yon fwa nan laviw GRAN. Wi jès sa a va pèmèt ou jwenn padon douvan Lwa yo (GINEN) ak zansèt yo aprè vye deklarasyon divizyon ou te fin fè nan kwazad estad Sylvio Cator a.

Mouche Prezidan, sevre ou te eli pou 5 lane, men n’ap diw : "mèt Kabrit mande Kabrit, plenn pa plenn ou bije remèt li".

Prezidan Ane a bije bout, ou se yon move sèvitè! Ak ou sosyete a bouke, tout sa ki soti nan bouch ou se manti. Ou divize nasyon an, ou redui peyi a an klas pòv ak rich.

Poutan misyon ou te dwe fè li Klas Mwayèn, Mwayèn amelyore ak Rich. Ekselans kòm ou renmen tit sa a tande kèw, DEMISYONE VIT E PRESE, PEYI A BOUKE!

Menm jan an tou n’ap mande yon bon chita pale ant ayisyen, avèk tout kouch anndan sosyete a san mank; pou nou kapab rive kanpe yon peyi ak diyite jan ZANSÈT yo ak VODOU te vle a.

Sonje byen, listwa peyi Ayiti ekri ak kreyon VODOU, kidonk VODOU pap dakò fwa saa, pou li sèvi papye ijyenik pou okenn engra san memwa ki pa wè peyi tout bon vre. Kan Alovi Dangballayidan (KAD) deklare BADÈNIDE (Tout moun ladan), nou gen yon peyi k’ap soufri, yon pèp k’ap chache l.                                                                                                                                                                                                   Widner DUMAY                                                         Darati Makandal                               (509) 4601 11 15 / 40 14 38 77