Home Politique Yon ti mo sou nòt Alternativ tèt ansanm pou rebati Ayiti a

Yon ti mo sou nòt Alternativ tèt ansanm pou rebati Ayiti a

Ce texte soumis à la rédaction de Haïti standard, le 28 septembre 2019, ne reflète que la position de son auteur dont la signature figure à la fin de l’article.

Jounen 27 septanm 2019 la, anpil anpil moun te sòti nan lari pou manifeste. Si nou byen konstate nap wè majorite moun kite sòti pran lari a te fè sa paske lavi a pa sispann kalote yo, pandan Leta ayisyen kanpe ap gade yo san li pa janm di anyen. Sa fè lontan sistèm nan kidnape Leta sila a. Prezidan monte prezidan desann, Leta pa janm rive enpoze yon politik piblik ki pou touche pwoblèm yo nan nannan yo. Poutan apre gwo mobilizasyon 27 septanm 2019 la, Altènativ tèt ansanm pou rebati Ayiti sòti yon nòt 3 sitwayen, ki di yap batay pou chanjman nan peyi, siyen pou mande pèp la kontinye mobilize jouk Alternativ la mete yon nouvo prezidan nan ti rès Palè nasyonal la. Eske mete yon nouvo prezidan nan ti rès Palè a se rezoud pwoblèm tout plim tout plimay peyi a genyen ?

Tout moun ki fèt nan jenerasyon 80 an pa janm konn lòt fòm gouvènans apre yon enstabilite politik ki rete estab nan peyi a.

Nan lane 1986, apre pèp ayisyen fin rache manyòk rejim bout di ki dire pi plis tan nan peyi Dayiti a e ki detèn sou sa ki vini apre yo, anpil koulèv sòti nan tou yo mande pou yo mennen yo lekòl. Rive nan lekòl la, youn pa ka chita epi lo pwoblèm yo ap ogmante san rete. Konsa pèp ayisyen an pase tout tan nan kouri desann, kouri monte nan tout lari pou kontinye rache manyòk epi replante plan menm manyòk li te rache pou pa bon yo. Chak koulèv ki pase nan lekòl la prè pou akize ban yo, men yo poko janm ka konprann se yo ki pa gen kapasite pou yo chita sou ban yo. Sa pa vle di ban yo fèt ak bon materyo solid ki ka pèmèt koulèv chita. E menmsi ban yo te kòdjòm, koulèv ka chita ?

Malgre koulèv yo pa ka chita lekòl la paske yo pa ranpli kondisyon pou yo chita, sèl sa nou konstate chak koulèv ki pase nan lekòl la vini gra pase « chat kay pè » pandan sila yo ki te mennen yo lekòl la ap depafini sou pye.

Jounen jodi a ankò, pèp la montre li fache anpil e li montre li vle kase kòd mizè ki mare l depi digdantan nan pye tab anpil moun kap rich sou do l. Menm koulèv sa yo ki la depi sou prezidan bann machwè gentan mete tèt yo deyò ankò ; tout ap file lang yo byen long se tankou lontan yo pat ka chita men yo ka chita koulyea.

Jodia mwen pa kwè m ka ekri jis pou m fè yon gwoup plezi epi m kontinye poze pwoblèm yo menm jan yo te konn toujou poze avan yo, sèlman paske mwen pa vle gen yon pozisyon depaman ak pozisyon anpil zanmim, pwofesè m elatriye. Kesyon prezidan pa bon voye l ale a epi vrè pwoblèm yo pa janm poze a, pap janm sòti peyi nan twou kote Prezidan Donald Trump di anpil moun kap fè politik lontan lontan nan peyi a mete l la.

Peyi a pa gen pwoblèm yon prezidan kap vin ranplase yon lòt sou baz li pa bay rezilta. Si pwoblèm yo kontinye poze konsa se chak jou pèp la ap nan lari pou voye prezidan ale, ranplase l pa yon lòt epi nad marinad.

Pou pwoblèm yo rezoud tout bon vre, fòk genyen yon akò politik ki mete tout moun chita sou menm tab kèlkeswa ou se yon Ayisyen zansèt ou te goumen nan batay endepandans lan osnon yon Ayisyen apre endepandans, paske Ayiti se pou nou tout. Men se pa yon akò ki pou pèmèt chak moun ki sou tab la al manje vant deboutonnen epi kou son ti rès manje ki rete sou tab la yo oblije kraze epi boule tab la rapyetè, pandan pèp ki grangou a ki kontinye gen latchouloulout.

Akò sa dwe yon akò kap pèmèt nou atake 3 eleman ki fondalnatal pou sistèm kap pese souse a ki se : premyeman rejim politik la , dezyèmman estrikti ekonomik peyi a, twazyèmman chapant sosyal peyi a.Tout tan se pa sa ki fèt nap toujou rete nan voye prezidan ale a. Yon politik kap bon pou prezidan ki ranplase l la paske lap gentan plen pòch li, pòch fanmi li ak akolit li yo ki pi agresif yo men pwoblèm yo ap rete byen djanm pou pete kannkès pèp la.

Kidonk, si yon moun bezwen rive sou pouvwa pou l chanje kondisyon lavi l li dwe batay pou voye prezidan ale san kanpe, paske tout moun ki rive prezidan nan peyi Dayiti rich ak tout akolit li yo. Men si yon moun bezwen chanje kondisyon materyèl ekzistans pèp la li dwe batay pou li jwenn yon akò politik ki gen pou objektif pou souke labil rejim politik sila a, estrikti ekonomik peyi a ak chapant sosyal peyi a.

Erné DARÉUS

Pou otantifikasyon
dareus.erne@yahoo.co.uk